Mélina Laurore te fèt nan dat 7 Jiyè 1938 nan seksyon kominal Marakwaf, yon bouk andedan Komin Lazil nan depatman Sid peyi Ayiti. Manman’l te rele Cherismène Isaac e papa’l se te Brévictor Laurore. Mélina te pi gran pami 4 fi,avèk yon sèl pitit gason manman’l ak papa’l. Ariston, Clanie, Aristimène de regrete memwa e Françoise Francois ki ap viv aktyèlman nan pey Kanada. Depi byen bonè, Mélina ak tout lòt frè, sèl yo pral pèdi manman yo.
La vi a pat fasil pou yo ditou paske yo chak te oblije al viv kay yon paran. Se konsa nan lane 1956, Mélina te pral rantre Port-au-Prince, aprè mennaj li, Herman Saint Felix, al chèche lavi miyò nan Port-au-Prince e se la Mélina pral sezi rankontre Herman pandan li te al nan Mache. Renmen an pral kontinye nan Port-au-Prince. Depi lè sa a, yo fonde yon fanmi e yo vin genyen kat pitit Jean Wilfrid de regrete memwa, Marie Duna, Falière, Frantz.
Mélina pat pran tan pou sèl yo ak frèl la vinn jwenn li. Li te kon’n fè komès pou pran swen pitit li yo ak lòt manm nan fanmi. Lè pitit li yo vin gran, twa ladan yo vini viv Etazini.Jean Wilfrid vini an 1981, e Duna avèk Fanfan an 1994.
Mélina te pral aksepte Kris nan lavil, aprè lanmò mari’l, Herman Saint Felix, nan yon aksidan machin 25 desanm 1995. Li te kon’n pèsevere nan Legliz de Dye Delma 17 ke defen Pastè Jean Marie Désir tap dirije. Nan lane 2008, li vin viv Etazini kay pitit fi li Duna. Se isi a nan Premye Legliz Batis Aysyen nan Kansas City, Missouri li pral kontinye sèvi Bondye nan mitan gran fanmi espirityèl sa. Li te kon’n patisipé nan koral group Dam, Lekól di dimanch, preparasyon mwason.
Se te yon pasyon pou li, lè lap pran swen 4 pitit li yo, 16 pitit li yo ak 18 aryè pitit li yo. Li toujou ap konte yo sou tèt dwèt li. Li te gen afeksyon pou yo chak. Pandan li te malad la, tout moun ki te gen chans vin wèl yo, li te priye pou yo, espesyalman pitit li, pitit pitit li.
Gen 2 bagay ki te enpòtan anpil pou Mélina: Renmen Bondye avèk renmen pwochen’l. Mélina se te yon Matriyach ki te gen konsey pou moun nan antouraj li, espesyalman fanmi’l, nan lanmou yon’n pou lòt.
Aprè plizyè lane li fè anba maladi, li te pral kite tè sa nan Lendi 8 Avril 2024 a 1:55 nan aprè midi nan University Health Truman Medical Center nan Kansas City nan mitan fanmi’l.
A visitation for Mélina will be held Friday, May 3, 2024 from 6:00 PM to 8:00 PM at McGilley State Line Chapel, 12301 State Line Road, Kansas City, MO 64145. A funeral service will be held on Saturday, May 4, from 9:00 AM to 12:00 PM at the First Haitian Baptist Church, 10035 Westport Road, Independence, MO 64052.
SHARE OBITUARY
v.1.9.6